Ou ka pa renmen vi w ap viv la men w pa ka rayi lavi. Edson S.A
Verse I
Mayard S
On kouran fèb pote m ale, ak tout fòs
Vini m isit s on tach ki p ap ka efase, menm ak klowòks
M kontan m la, se mwen k pou di w jan m santi m byen nan mal yo
M pete chanpay lè m fè avan menm jan m fèl pou "back" yo
Genyen m keyi, lè yo keyi m tou m fyè de sa
Jou vi a banm kalòt m rasanble Brada yo epi n fete sa
Se kè kontan lè yon pwoblèm voye n koule kèk gwòg
Pouki vi frèt la?, si mò te gen pouvwa yo tap boule kèk mòg
Nou pral jwe pwogram a pye, fanatik ap pase, sou machin, sou moto
Figi atis la plen swè, piblik la pèch, men o final sak fè kè kontan an se kèk bravo
M "still" renmen bwòs mwen an, menmlè l pa jwenn lanmou pat
Sak te fè fyète a se lè m pral jwe pwogram e menm jan ak piblik la, m achte kat
Yo mete m pami zetwal, etónman pou yo, m pran souri pandan m pèdi ekleraj
M pè fredi, m pè kouvri, "inhumain" , m lage yo nan komeraj
M brize, pwòch mwen ap kriye mwen m ap souri
M evite lanfè, paradi ap relem mwen m ap kouri
Refren
Se pa longè wout la,se moun ki avè n yo
Nou renmen lavi
Se pa mache ak pye a,se blag n ap tande yo
Nou renmen lavi
Se pa tan k ap pase a,se tan n ap pase yo
Nou renmen lavi, renmen lavi a mò
Verse II
Potenser
Lavi a pa t janm woz
E n p ap mawon l
Men n konnen anba syèl ble a
Nou gen pou n soti nan moman nwa yo
Ak de,twa fèy blanch
Pou n grave kèk vè
Dayè n gen matyè griz la.
Sa sifi pou n kolorye lakansyèl nou
Sa k wè sab,se oseyan nou wè nan dezè nou
E wi! Ou ka vizite lorizon
Pou sa w pa bezwen "OVNI",ou jis bezwen gwo vizyon
Sa ki di n ap pèdi tan
Men pito sa olye se tan an k pèdi n
Nou rate randevou ak mèt mond lan
Pou yon ti tan ansanm ak pwezi n
Se pa nonb jou yo, se moman nou viv andan yo
nou pa fè lajan yow,men nou kaptive vibrasyon yo
Reyisit pa gen laj,nou fèt pou n kontinye pwogrese
Dayè nan dezè,apa mouri, ki lòt sa w ka fè ke kontinye avanse?
Brada yo ban m on rezon pou m renmen lavi
Yo k te la lè m t ap krake
Sa sa ap itil
Ofri m boutèy zanmi
Si w p ap la pou w ede m trenke?
Nèg k ap ban rezon lè m gen rezon,tò lè m gen tò
Se yo ,se pwezi,ki fè m renmen lavi a mò
Kontwovès
Potenser (P) - Mayard S (M)
P: Nou fè figi menm lè nou sou 2 po dèyè n
M: Lòt estil de vi
P: Se imajinasyon n ki fè n viv
M Nou imajine sa k reyèl
P: Nou renmen lavi
M: Nou renmen lavi,nou viv byen n nan mal nou
Негізгі бет 05. Lavi - Potenser_X_Mayard Slam [EP Chandèl "Champ de L"] (ofisyèl Videyo-Tèks)
Пікірлер: 1