"Linyon fè nou pi fò", "Yon sèl dwèt pa manje kalalou", "Men anpil, chay pa lou", "Lè nou vle anyen pa ka kenbe nou", se tout pawòl sa yo ki te anime nou soti Lèziwa pou rive Wanament, yon pakou 738 km, yon bwa ki pote non KitaNago te fè nou fè. 10 zan apre, malgre bwa sa detwi, gen yon kokenn chenn konbit ki eklate Wanament kote pakou KitaNago a te bout la; èske se yon aza, èske se rezilta KitaNago a?
Ebyen Harry Nicola (Mèt Fèy Vèt) ki te vini ak lide KitaNago a, li nan Gran Lakou pou ede nou konprann pi byen sa k ap pase a. An nou swiv ansanm.
Негізгі бет GRAN LAKOU - KITA NAGO POUSE NAN WANAMENT AVÈK MÈT FÈY VÈT
Пікірлер: 10