Vertus Saint-Louis ak Jean Dominique pale sou ki jan gran pwisans etranje te manipile Toussaint Louverture ak André Rigaud yonn kont lòt: Etazini ak Angletè te jwe nan tèt Toussaint, pandan ke franse yo te jwe nan tèt Rigaud, ki fè afranchi nwa yo ak afranchi milat yo goumen ant yo menm pou yo pa t ka rekonèt oubyen lite kont menas ki te soti nan etranje. Nan peryòd sa a, Etazini ak Angletè te vle anpeche esklav nan teritwa pa yo fè menm jan avèk ayisyen ki t ap revolte yo. Saint-Louis ak Dominique pale sou evènman sa yo an tèm orijin eksklizyon politik ak sosyal ann Ayiti, pou di kilès ki ladan, kilès ki pa ladan -- kilès ki byen, kilès ki mal -- baze sou kesyon koulè po moun nan. Pou Jean Dominique, evènman fen 18yèm syèk la gen anpil paralèl ak evènman fen 20yèm syèk la, kote sa ki gen pouvwa yo (swa gran pwisans etranje yo, swa elit ayisyen yo) ap goumen yonn ak lòt sou Ayiti, san yo pa gade vrè byennèt peyi a -- menm jan ak tibebe nan istwa jijman Salomon an.
Vertus Saint-Louis and Jean Dominique discuss how foreign powers played Toussaint Louverture and André Rigaud against one another: the US and England manipulated Toussaint, while France manipulated Rigaud, thus turning black affranchis and mixed-raced affranchis against one another so they could not recognize or combat external threats. At the time, the US and England were invested in making sure the Haitian Revolution did not spread to their own slaveholding territories. Saint-Louis and Dominique discuss these events in terms of the origins of social and political exclusion in Haiti, of saying who is an insider and who is an outsider -- and who is good and who is evil -- based on skin color. For Jean Dominique, the events of the late 18th century have direct parallels to the late 20th century Haitian context, wherein powerful entites (be they foreign powers and Haitian elites) argue over Haiti with no real regard for its well-being, like the baby in the story of the judgment of Solomon.
Vertus Saint-Louis et Jean Dominique discutent de la manière dont les puissances étrangères ont dressé Toussaint Louverture et André Rigaud l’un contre l’autre : les États-Unis et l’Angleterre ont manipulé Toussaint, la France a fait pareil avec Rigaud, provoquant une lutte entre les affranchis noirs et mulâtres, ainsi ils ne pouvaient reconnaître ou combattre les menaces venant de l’extérieur. À cette époque, les États-Unis et l’Angleterre voulaient empêcher les esclaves de leurs territoires de suivre le mauvais exemple des révoltés haïtiens. Saint-Louis et Dominique discutent de ces événements en termes d’origine de l’exclusion politique et sociale en Haïti, pour dire qui est en-dedans, qui est en-dehors, -- qui est bien, qui est mal - en se basant sur la couleur de l’épiderme. Pour Jean Dominique, on peut faire un parallèle entre les événements de la fin du 18e siècle et ceux de la fin du 20e siècle, où ceux qui ont le pouvoir (les grandes puissances étrangères ou l’élite haïtienne) se livrent à une lutte sur Haïti, sans tenir compte du bien-être du pays - comme le bébé dans l’histoire du jugement de Salomon.
Негізгі бет Histoire D'Haiti: Toussaint Louverture Face A Andre Rigaud Dans La Guerre Du Sud
Пікірлер: 3