“Kite m di Senyè a mèsi! Kite m di Senyè ki pa tankou tout moun lan mèsi ak tout nanm mwen! Wi, kite m di Senyè a mèsi. Mwen pa dwe janm bliye tout byen li fè pou mwen. Li padonnen tout peche m yo, li geri tout maladi m yo. Li wete m nan bouch twou a. Li beni m, li fè m wè jan li renmen m, jan li gen pitye pou mwen. Li kouvri m ak benediksyon pandan tout lavi m, li fè m rete jenn ak tout fòs mwen, tankou malfini. Nou tout kreyati Bondye, nou tout ki toupatou kote l'ap gouvènen, di Senyè a mèsi! Wi, kite m di Senyè a mèsi!” Sòm 103:1-5, 22🙏🏾
Пікірлер: 23