An'n beni nan mòsò kantik sa
ki titre "MREYALIZE"
1
Ane vini, ane pase
mwen la toujou
Lè'm gade sak pase ,Sa ki rive
mwen la toujou
Men nan gras ou
Nan mizerikòd ou
mwen la toujou
M'rekonesan
e m'leve menm anlè
Pou mwen di ou mèsi
2
Move moman, tan difisil
Ou pwoteje'm
Epidemi, Ensekirite
Ou pwoteje'm
Ou pa kite pep ou yon jou
Ou pwoteje'n
Kiyes nou ye
kisa nou fe ki bon
Se sèlman gras ou
Kè
M'realize, se amou-w, se favè-w
Ou gade-m, ou kouvri'm
Anba manto gras ou
Ou kenbe'm, ou veye sou mwen
Kiyès mwen ye?
Paske'w pap manti
Sa'w di, se sa'w fe, Mèsi
3
Dekourajmen, dezolasyon
Ta dwe pote n-ale
Pami nou youn ak lot
Sa kap pase
Se trop pou'n ta ale
Men nou konnen
ou mennen pep ou
Avek dife, ti dlo
Bon tan kou move tan
Ou di'w pap janm lage'n
Se pwomès ki vrè
Негізгі бет M'reyalize-kantik kòkris (Assemblée Évangélique Pedro Aguirre Cerda,Chili Pasteur Jean-Ronald Blanc)
Пікірлер: 8