1.
Pran la vi-m, Sényè Jézi,
Mwen vlé konsakré-l ba Ou.
Pran chak lè é pran chak jou,
Tout tan mwen vlé louwé Ou. ( 2 foua)
2.
Pran min mwen yo, Jézi Kri,
E sèvi ak yo tan pri.
Pran pyé mwen yo tou, Sényè,
Pou kouri pou Ou tout lè ( 2 foua)
3.
Pran vwa mwen, é kité mwen
Chanté pou Ou, ki Wa mwen.
Pran lèv mwen yo, ranpli yo
Ak mo ki sòti an wo. (2 foua)
4.
Pran lò mwen ak lajan tou,
Tou sa m-geyein sé pou Ou.
Pran léspri-m ak tout fòs mwen,
Sèvi ak yo Jouk la fin. (2 foua)
5.
Pran volonté pa-m, Sényè;
Sa Ou vlé, sé sa ma fé.
Pran ké mwen, li pou Ou tou,
Li va sèvi la kay Ou. (2 foua)
Негізгі бет Pran Lavim Senyè Jezu
Пікірлер: 8